Konprann akouchman anvan lè a
Akouchman anvan 37ème semèn nan rele akouchman anvan lè. Akouchman anvan lè a ka fè ti bebe a fèt twò bonè. Sa ka mennen pwoblèm sante pou bebe w la.
 |
Avan akouchman an, kòl matris la epè epi fèmen. |
 |
Nan yon akouchman anvan lè, kòl matris la kòmanse efase (vin pi mens) epi dilate (ouvri). |
Sentom akouchman anvan lè
Si w panse w gen yon akouchman anvan lè, chèche wè yon doktè byen rapid. Kontraksyon yo sèlman pa vle di w pral gen yon akouchman anvan lè. Sa ki plis konte se chanjman nan kòl matris ou. Kòl matris la se ouvèti ki plase nan pwent enferyè matris la. Sentom akouchman anvan lè yo gen ladan yo:
-
4 kontraksyon oswa plis pa èdtan
-
Gwo kontraksyon
-
Kranp ki sanble ak kranp manstriyèl ki konstan
-
Doulè nan pati anba do a
-
Mikez oswa likid ki gen san k ap soti nan vajen an
-
Senyen oubyen tach san nan dezyèm oubyen twazyèm trimès la
Evalye akouchman anvan lè a
Founisè swen sante w la ap detèmine si w nan yon akouchman prematire oubyen si ou jis gen kontraksyon. Yo ka siveye w pandan kèk èdtan. Ou ka pase tès sa yo:
-
Egzamen pèlvyen. Se pou yo wè si kòl matris la efase (vin mens) epi dilate (ouvri).
-
Siveyans aktivite nan matris la. Yo itilize l pou detekte kontraksyon.
-
Siveyans aktivite nan matris la. Sa se pou w verifye sante bebe w la.
-
Iltrason. Tès sa egzamine tay ak pozisyon bebe w la.
-
Amnyosentèz. Tès sa pèmèt yo verifye matirite poumon bebe w la.
Pran swen tèt ou nan kay la
Si w gen kontraksyon anvan lè, men kòl matris ou toujou epè epi fèmen, founisè swen sante w la ka di w pou:
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante w la si ou genyen youn nan sa yo:
Si w bezwen swen nan lopital
Yon akouchman anvanlè vle souvan di ou bezwen swen nan lopital. Ou ka bezwen pran kabann nèt. Ou ka gen yon sewòm nan ponyèt ou oubyen nan men w. Se pou ba w likid. Yo ka ba w pilil oubyen enjeksyon. Yo pran mezi sa yo pou ede w fè prevansyon kontraksayon yo. Yo ka ba w yon medikaman ki rele kòtikostewoyid. Sa se pou ede poumon ti bebe w la devlope pi vit.
Ou gen risk?
Nenpòt fanm ansent ka gen yon akouchman anvan lè. Sa ka kòmanse san rezon. Men faktè risk sa yo ka ogmante chans ou:
-
Tranche anvanlè oswa akouchman prekòs
-
Fimen, pran dwòg, oubyen konsome alkòl pandan gwosès la
-
Konprann yon gwosès miltip (marasa oswa plis)
-
Pwoblèm avèk fòm matris la
-
Senyen pandan gwosès la
Danje ki gen nan akouchman anvan lè a
Yon bebe ki fèt twò bonè ka gen pwoblèm sante. Paske bebe a pa t jwenn ase tan pou l grandi. Kèk nan risk pou ti bebe w la se:
Rive nan lè a
Objektif ou se rapwoche pi plis de lè pou w akouche a (37 semèn oswa plis) anvan ou akouche. Plis w ap apwoche lè pou w akouche a, se plis chans pou gen yon ti bebe ki an sante yo wo. Travay avèk founisè swen sante w la. Ansanm, nou ka pran mezi ki ka anpeche w akouche twò bonè.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.